Manman
HT

كلمات Manman

الألبومA Day For The Hunter, A Day For The Prey
السنة2016
النوعAlternativo Indie
اللغة الأصليةHT
المشاهدات54
Aaإعدادات القراءة
حجم النص 18

الكلمات الأصلية

HT
الترجمة غير متاحة بعد. نعرض الكلمات الأصلية.
Se pa supriz si jodi ya m ap chante pou w Pou valè mizè ke w pase M pa kwè m ap janm finn peye w Nou pa moun la grann sosyete N ap woule sou w jekwa zan dye manman Pito nou chante souple Rele lespwa kote l ye Pou nou pa dekouraje Car nou egziste Manman cheri se ou k tout vi m Detèminasyon m Jès tandrès afeksyon manke Tout sa kòz de sitiyasyon m M gade w lan je ou gade m lanje Se kè nou tou de k ap rache manman Kou w tande mwad me rive Manman m pa gen jou sacre Li sou tè ya l ekziste Lakay flè roz pa antre Ou wè ke mwen devwe M chèche lavi pou m pa kite w soufri Se pa anvi m manke Il parait se jou pa nou an ki poko rive Ou wè ke mwen devwe M chèche la vi pou m pa kite w soufri Se pa anvi m manke Il parait se jou pa nou an k poko rive manman Gad jan la vi fè m kazwele Fè mwen reziye M jen ponyèt pa koupe Vye manman m trime l ap trime Kou w tande n chita n ap pale Depi w tande l pran le pase manman Tou swit fò l gen dlo lan je Lò sa a bon anj mwen ale Menm vole mwen ta vole Pou l kab console Son w vye madanm Ki gen kouray pou li reziste Apre oun karès oun tèt grate Li souri l mande fe de rale Li di pitit mwen nou pat ne Ke montay pa konn deplase manman Tout moun pat fèt pou ere Moun pa fèt pou l twò prese Se paske w ka obsève Ki fè w gen tèt chaje Ou wè ke mwen devwe M chèche lavi pou m pa kite w soufri Se pa anvi m manke Il parait se jou pa nou an ki poko rive Ou wè ke mwen devwe M chèche la vi pou m pa kite w soufri Se pa anvi m manke Il parait se jou pa nou an k poko rive La la la

المزيد من Leyla McCalla

Leyla McCalla →

كلمات ذات صلة