Pwomès (feat. Evazyon Mizik e Tafa Mi-Soleil)
HT

Paroles de Pwomès (feat. Evazyon Mizik e Tafa Mi-Soleil)

GenreRb
Langue originaleHT
Vues8
AaLecture
Taille 18

Paroles originales

HT
Traduction indisponible. Les paroles originales sont affichées.
Ou di mwen nanm ou pote maleng Ki twa lèt pou montre lòt yo Men m te pwomèt M ap renmen chak kwen nan ou San wete yon yota M wè nou ka glise Tout zantray mwen ki tranble San pyès fòs pou rale nou met kanpe Men mwen konnen menm si men nou vid Menm si n pa gen anyen Nou gen youn pou lòt E, wi, sa sifi w E, non, sa p ap chanje S'on pwomès Wi, s'on pwomès Doulè nou gaye anba je nou San remèd pou fè nou kagou Men m p ap kite w tonbe Paske se a de nou ret sou pye M wè nou ka glise Tout zantray mwen ki tranble San pyès fòs pou rale nou met kanpe Men mwen konnen menm si men nou vid Menm si n pa gen anyen Nou gen youn pou lòt E, wi, sa sifi w E, non, sa p ap chanje S'on pwomès Wi, s'on pwomès Men mwen konnen Menm si men nou vid Menm si n pa gen anyen Nou gen youn pou lòt E, wi, sa sifi nou E, non, sa p ap chanje S'on pwomès S'on pwomès

Plus de Stan Ofisyèl

Stan Ofisyèl →

Paroles similaires