Enpòtans
HT

Enpòtans 歌詞

ジャンルZouk
原文言語HT
閲覧数17
Aa表示設定
文字サイズ 18

原文歌詞

HT
翻訳はまだありません。原文を表示しています。
M'leve m'atriste M'ap panse ak kalamite Pa vle kontinye konsakre vi'm ak endinite Ooo chak jou se yon diskusyon N'ap viv nan konfusyon Ou pa banm enpòtans ankò Relasyon'n pa fè sans ankò Tu as changé, m'ap suspann bay tèt mwen manti Gen lè nou pa gen chans ankò Nou pa gen konsistans ankò Tu as changé, m'ap suspann bay tèt mwen manti Paske ou okupe Nou pa janm ka komunike Lè'w resi libere W'al kouche san nou pa menm pale, o o yeah Mwen santi mwen nan prizon M'kondane san rezon Ou pa banm enpòtans ankò Relasyon'n pa fè sans ankò Tu as changé, m'ap suspann bay tèt mwen manti Gen lè nou pa gen chans ankò Nou pa gen konsistans ankò Tu as changé, m'ap suspann bay tèt mwen manti Se pa plenyen m'ap plenyen Pito'n remete yon fen Ak yon vi san avni o o Cheri banm enpòtans mwen Mwen merite li Si'w pa banm enpòtans mwen M'ap mare pakèt mwen Oh oh oh oh oh oh oh Mwen pa yon egzijan Bouke ban mwen move jan Ou fè kòmsi sa'm mande'w yo inposib Mwen pa mande'w lajan Sèl ti moso santiman Piga lè'm ale w'ap mande'm padone'w Frape, frape mwen frape pye'm atè Kase, kase mwen chèn lapèn Frape, frape mwen frape pye'm atè Kase, kase mwen chèn lapèn Mwen pa yon egzijan Bouke ban mwen move jan Ou fè kòmsi sa'm mande'w yo enposib Mwen pa mande'w lajan Sèl ti moso santiman Piga lè'm ale w'ap mande'm padone'w Frape, frape mwen frape pye'm atè Kase, kase mwen chèn lapèn Frape, frape mwen frape pye'm atè Sèlman'm di'w si'w pa banm enpòtans mwen M'ap mare pakèt mwen Oh oh oh oh oh Cheri ramase'm atè a non Ramase'm Cheri ban'm valè'm, cheri ban'm valè'm Se pa lè'm pa la pou wè'm te bon lè'm te la Cheri ban'm valè'm, cheri ban'm valè'm Se pa lè'm pa la pou wè'm te bon lè'm te la Cheri ramase'm atè a non Ramase'm Cheri ban'm valè'm, cheri ban'm valè'm Se pa lè'm pa la pou wè'm te bon lè'm te la

Harmonik の他の曲

Harmonik →

関連歌詞