Mwen Ta Remen Konen
HT

Mwen Ta Remen Konen 가사

장르World Music
원문 언어HT
조회수201
Aa읽기 설정
글자 크기 18

원문 가사

HT
번역이 아직 없습니다. 원문 가사를 표시합니다.
Mwen ta renmen konnen dat e jou map mouri Pou m kapab jwi lavi m Mwen deja konsanti Solèy nan syèl boule m Lapli pa janm tonbe Tout moun kouri kache Moun grangou dechennen Oh mon Dieu Padone m pou peche mwen Jèn jan, jèn fi renmen Pou yon 'pain quotidien' Gason ap Bay manti Yo toujou ap pati Sa w pa renmen pou ou Pa janm vle l pou lòt moun Chay lou k sòti sou tèt Sou zepòl pou l tonbe Oh mon Dieu Padone m pou peche mwen Efase ti defo ki nan kè mwen Bay manti se metye m fè chak jou Koutwazi se larichès lakay mwen Mon amour Mwen renmen ou toujou-ou-ou-ou-ou Efase ti defo ki nan kè mwen Bay manti se metye m fè chak jou Koutwazi se larichès lakay mwen Mon amour Mwen renmen ou toujou-ou-ou-ou-ou Cheri Padone m si m ba w manti Mwen konnen, cheri, m pa bon devan w Mwen konnen m ba w manti chak jou Men Avan m mouri, cheri Efase peche sa yo pou mwen Mwen ta renmen sispann Bay menaj mwen manti L ap fè twòp jalouzi Li sanlè pou l mouri Chanson m se distraksyon m Se tout konvèzasyon m Lajan rele pe dyòl Tout moun respekte moun Oh mon Dieu Antre m nan paradi Efase ti defo ki nan kè mwen Bay manti se metye m fè chak jou Koutwazi se larichès lakay mwen Mon amour Mwen renmen ou toujou-ou-ou-ou-ou Efase ti defo ki nan kè mwen Bay manti se metye m fè chak jou Koutwazi se larichès lakay mwen Mon amour Mwen renmen ou toujou-ou-ou-ou-ou

Rodrigue Milien의 다른 곡

Rodrigue Milien →

관련 가사