Pinga
HT

Pinga 가사

장르Rb
원문 언어HT
조회수24
Aa읽기 설정
글자 크기 18

원문 가사

HT
번역이 아직 없습니다. 원문 가사를 표시합니다.
Ooowouuuuuuu Pinga kont pinga bri pinga kraze Sa lanmou mare Pinga move jou fè n rive bliye Eprèv nou te sipòte Pinga pinga panse Lanmou pa gentan maske Pinga pinga panse Lanmou se jwèt tibebe Lavi ap mennen n Nan pye nou vye moman met chenn Lanmou dechennen n Kèk fwa l fè n viv san lapenn Men kèk vye koze Kèk fwa fè n pale n depale n vle chanje Nou vle pèdi fren Nou konn menm bliye ke lanmou se yon flè N ta dwe toujou wouze Pinga kont pinga bri pinga kraze Sa lanmou mare Pinga move jou fè n rive bliye Eprèv nou te sipòte Pinga pinga panse Lanmou pa gen tan maske Pinga pinga panse Lanmou se jwèt tibebe Pinga pinga panse Lanmou se jwèt tibebe Nou souvan fè sèman Men n pa toujou kenbe pawòl Lanmou pa toujou Bèl moman bèl pawòl sèlman Men vye konpòtman Kèk fwa fè n bliye osinon neglije Tout bon santiman Nou souvan vle kraze yon kite sa Pou n kite kè n nan traka Pinga kont pinga bri pinga kraze Sa lanmou mare Pinga move jou fè n rive bliye Eprèv nou te sipòte Pinga pinga panse Lanmou pa gen tan maske Pinga pinga panse Lanmou se jwèt ti bebe Pinga pinga panse Lanmou se jwèt ti bebe Ti bebe Ti bebe Ti bebe

Tafa Mi-Soleil의 다른 곡

Tafa Mi-Soleil →

관련 가사