Limen Brikè
HT

Limen Brikè lyrics

GenreWorld Music
Original languageHT
Views14
AaReading settings
Text size 18

Original lyrics

HT
Translation not available yet. Showing the original lyrics.
Mèt beton an lage Kisa pou n fè ankò Valè bagay nou fè Gen sa k pa janm dakò Pèp la wè yo antò Yo pito fè konplo tan pou yo bat bravo Sak avè m Ann ale batay la kòmanse Tout solda rasanble Kenbe fè m Oh non pa lage Nou subi twòp abi mwen di fòk sa fini Pa bezwen fache ban mwen sa m merite Nikiya nikiya nikiya Ayiti chaje pwoblèm Ayiti chaje devèn Siklòn Mathieu - move pa pote n ale Siklòn Jòj pase Siklòn Jeanne pase Men Irma pase Ki van n bezwen - van libète Ki van - egalite Ki van - fratènite Se sou channmas depi van sa rive Vire yo vire yo - mayo Vire yo vire yo - kepi Vire yo vire yo - chemiz Vire yo vire yo Vire yo vire yo Toto Toto pi rèd Wach se wach - nan dada koripsyon Wash se wach - nan dada lamizè wach se wach - nan dada vole Wach e ou menm ti lepè panse m te bliye sak te fè aktualite a sak te fè pawòl anpil la chaje malfèktè kap fè move aksyon toujou mache ak brikè w prekosyon pa kapon si w nan sitiyasyon ou pa konn sa pou w fè ale mande Rambo la baw tout solisyon tout fanatik T-Vice rale brikè n rale rale brikè nou rale pou n boule minòt yo nap rale brikè n, n ap boule minòt yo - baw boule yo woy kite l tou limen lè Bondye di wi, lèzòm pa ka di non beton an se pou nou, se pou nou, se pou nou aksepte l rele anmwey men twonbòn original la Vice2k tonton, chante Si n vle lòt nasyon respekte n Fò n ka kòmanse viv nan linite Chanjman ta dwe priyorite n Pou grann pwisans yo sispann kritike n Ede m chante - wo Ede m rele - ah Pèp la ap mande - oh Kot Ayiti prale - ah Ansan m ann chante - oh Pou n fè yo tande n - ah An nou pran konsyans - oh Pou Ayiti vanse - ah Ou tap mande pou bagay Men bagay Devan Roro kap grate li Li pran poz lap fè cho Devan Roro kap grate li Poutan se anba l ki cho Devan Roro kap grate li Sa n pral fè avè l Mennen l nan famasi Pote pomad (Repeat) Mezanmi sa l di la ?  Nou fèt pou nou met tèt nou ansanm uni nou antan ke frères et sÅ urs dans le futur pou y opa fè typ de frekantasyon sa avèk nou Se pa frekantasyon se frekansite, enbesil Ayiti chaje pwoblèm Ayiti chaje devèn Siklòn Mathieu - move pa pote n ale Siklòn Jòj pase Siklòn Jeanne pase Men Irma pase Ki van n bezwen - van libète Ki van - egalite Ki van - fratènite Se sou channmas depi van sa rive Vire yo vire yo - mayo Vire yo vire yo - kepi Vire yo vire yo - chemiz Vire yo vire yo Vire yo vire yo Toto Toto pi rèd Wach se wach Wach se wach m pral poze w kesyon kite m poze w kesyon T-Vice avèk Djakout sa w pi pito - T-Vice Nou pa egare

More from T-Vice

T-Vice →

Related lyrics