Mèsi
HT

Mèsi کے بول

صنفHip Hop Rap
اصل زبانHT
مناظر50
Aaپڑھنے کی ترتیبات
متن کا سائز 18

اصل بول

HT
ترجمہ ابھی دستیاب نہیں۔ اصل بول دکھائے جا رہے ہیں۔
M ap di mèsi a tout fan Barikad Crew yo (Tout) kote n pase, n toujou prè pou nou bat bravo Gade kijan pèp la kwè nan koulè wouj la Paske se avè l yo prezante yo se BC a San nou Barikad pa t ap anyen Se nou menm ki defansè n ki fè jodia n ka ap mennen Respè pou tout moun ki sipòte m Menm jan ak manman, madanm mwen k toujou la pou proteje m A tout seigneur tout honneur nou di mèsi Trak sa n batize l kòm yon kado ki pa gen pri E ki vo plis ke lò ak dyaman Yon melodram qu’il faut pou prouve love ak pasyon Pouvwa nèg anlèa kte toujou gide n Sa n pa wè yo, sentespri a k te toujou klere n (Ayibobo!) Mwen Dejavu, papa m te di manman m jete m Sèl regrè m gen nan vi m, jounen jodi manman m pa jwi Nan kèm m enskri non tout fan mwen yo Nèg k ap banm respè, medam k ap ban mwen bo: Muuuah! Manman m di m lè yo ban m fòm remèsye Bondye ban m talan e kounye a s on respè m ye Kòkòt, lavi, chalè dife pa fò w pè Believe avè w m ap genyen match la l te mèt pa fòfè Konnen m pap ka site tout non ki bay love a Bricks Men depi w fè sa, nan kè m m ap di w love and peace Nou di mèsi A tout moun ki te ede n yo N ap di mèsi Ak fanmi, tout zanmi ki te la pou gide n yo Yon gran mèsi Granmèt la e tout sa n pa wè yo N ap di mèsi Lord ou se premye moun ki merite mèsi Paske pa konpasyon w nou benefisye lavi Tout moun ki konn bann bourad nan yon sans oubyen n on lòt Nou pa pè swe nan chemiz ou pou nou, nou pa pè ba w yon lòt Paran, nan tèt nou ou merite anpil mèsi (Mèsi manman!) Men nan kè nou anpil mèsi pa sifi Paske w te gen sousi avni nou pou w defann Kounyea m konprann poukisa w te machann Lè yo gade w tankou tout sak pa bon Soukonn fatra ki mare nan sache Mizè w plis ke pa yon sak chabon (Men sak chabon!) Moun ki louvri pou ou a s on zache M pa wè ak ki nen, ki non, kilè? Di m non Ke m disparèt pou bon, jou m ta di rekonesans se lachte Ou ki manm mwen, fan mwen, fanm mwen, fame mwen M ap di mèsi li kte toujou la pou defann mwen Jodi a m ajenou pou mwen mande w padon Koz ou t ap mouri dènye fwa mwen te pran prizon Ou se manm enferyè m, siperyè m menm lè sa pa bon Mèsi manman! Ou wè pou siksè m se ou ki te kò m gidon Menm lè l fè nwa ou toujou la kò m balèn Si w ta mouri san w pa janm konn sa, sa t ap fè m lapèn Chleubeups, madanm mwen, manman m nou se bout souf mwen Sa m pa di pa fè jalouzi nou tout la nan kè mwen Nou di mèsi A tout moun ki te ede n yo N ap di mèsi Ak fanmi, tout zanmi ki te la pou gide n yo Yon gran mèsi Granmèt la e tout sa n pa wè yo N ap di mèsi Menm si devan n mta ajenou mpa kwè gen vokab k egziste Pou m kapab di kisa n ye Nou se tout byen m Si lavi ta efase n m deja Nou ta dwe imotèl, m ta gon proteksyon etènèl Konsa vi m pa t ap janm blèm E n tap toujou nan kè m M di mèsi paske n konsidere m tank on bebe Si n pat egziste m pa konnen kisa m ta ye Premyèman m ap remèsye Bondye paske m vivan Pou kouraj li ban mwen, fè m espere yon bon demen Lè m bite li toujou lonje men ban mwen pou mpa tonbe E se pi gwo erè m tap fè, antanke yon star superbe Pou mta fini flo sa poum pa di manmi, papi ti mo sa Mèsi! Mèsi! Mèsi! E m pap sispann di nou mèsi Pou lanmou, afeksyon, edikasyon ke nou te ban mwen Mizik sa se pou tout DJ, tele ak tout radyo Se yon fason pou n di mèsi pou sipò yo Fanmi, zanmi ki te ede n yon kout chapo pou yo Kondagana ede m chante paske refren sa se pou yo Nou di mèsi A tout moun ki te ede n yo N ap di mèsi Ak fanmi, tout zanmi ki te la pou gide n yo Yon gran mèsi Granmèt la e tout sa n pa wè yo N ap di mèsi

Barikad Crew کے مزید گیت

Barikad Crew →

متعلقہ بول