Yèswa 2.0 (feat. D-Fi Powèt Revòlte)
HT

Yèswa 2.0 (feat. D-Fi Powèt Revòlte) 歌词

流派Rb
原文语言HT
浏览量42
Aa阅读设置
文字大小 18

原文歌词

HT
暂时没有翻译,当前显示原文歌词。
Sa pase si vit Tout sa m ka di se lanmou k pa sifi Sa k te fè m kontan yè, jodi a fè m lapèn Sa fou jan on nuit ka chanje lanmoun an èn Sèlman sa k rete m se kèk souvni Kèk vye rim pou m fè on powèm Piti piti nanm mwen ap mouri, ap mouri Yon nuit pou mwen pèdi souri w M tou pèdi sans vi m w ale avèk bonè m Kite m ak plèk pa ka panse M gen enpresyon sa pase Yèswa Yèswa Yèswa flanm ki klere n Maten an ki boule lanmou nou, nan m nou Kounya tèt mwen vle ale, kè m vle rete Yèswa w te gen pasyon, men maten an w gen degou Menm souri ou tounen pwazon Ou tounen pi move souvni m, ou te pi bèl istwa m Sèlman sa k rete m se kèk souvni Kèk vye rim pou m fè on powèm Piti piti nanm mwen ap mouri, ap mouri Yon nuit pou mwen pèdi souri w M tou pèdi sans vi m w ale avèk bonè m Kite m ak plèk pa ka panse M gen enpresyon sa pase Yèswa Yèswa Yèswa Yèswa Yèswa ou t on zanj, maten an s on demon m pa rekonèt On nuit sifi pou remet an kesyon tout sa m te pwomèt Rèv nou pèdi nan longè nuit lan Èn ranplase lanmou, nòmal, raple ou lanati pa vle wè vid lan Yèswa n te lwayal, se te nou kont tout mond lan Maten an n fasafas ride or die se te ilizyon an M ap pran tan pou renmen ankò, kè m mande repo Thug yo konn kriye tou mande Ginette Reno Gad nan je m w ap wè jan m mal, cause eyes never lie Di Powèt la l manti kou chen lè l di love never die Dezespere, m voye sa tankou boutèy nan lanmè Konprann, nan eksè menm myèl la vin anmè On nuit sifi pou baskile tout on vi tout anvi m Se brize ou tou pou konn jan sa fè mal nan tèt mwen se tout on fim Se fou jan byen rapid moun yo chanje Yèswa nou te fè youn, maten an n se 2 etranje Sèlman sa k rete m se kèk souvni Kèk vye rim pou m fè on powèm Piti piti nanm mwen ap mouri, ap mouri Yon nuit pou mwen pèdi souri w M tou pèdi sans vi m w ale avèk bonè m Kite m ak plèk pa ka panse M gen enpresyon sa pase Yèswa Yèswa Yèswa Yèswa Sèlman sa k rete m se kèk souvni Kèk vye rim pou m fè on powèm Piti piti nanm mwen ap mouri, ap mouri

更多 Stan Ofisyèl

Stan Ofisyèl →

相关歌词